Students we are helping

Helaman Charles

mwen rele davidson joichin( Helaman). mwen genyen 5ans, e mwen nan 3eme ane kindergarden, nan lekol nehemie le battisseur. mwen ta renmen vinn yon misyone tankou elder yo

Facilia Charles

mwen rele facilia charles ,mwen genyen 14ans mwen ap fe 7eme ane fondamantal, nan kolej CEM mwen ap etidye paske mwen ta renmen vinn yon enfimye(nurse), Mwen remesye`w pou ed ou ,mwen konnen ou `ap jwenn anpil benediksyon nan papa a.

Alma Charles

mwen rele Alma charles mwen gen 20 ans mwen ap fe 3eme segonde nan kolej sen franswa de sal,m`ap travay di lekol paske mwen ta renmen devni yon medsen, mwen di ou mesi pou ed ou e mwen konnen, ou ap jwenn anpil benediktyon nan men papa nou ki nan syel la e ane 2007 la ,ap yon ane prospe pou ou, ke bondye beni`w,
mesi

Jocelyne Artiste

mwen rele jocelyne ariste mwen gen 22 ans mwen ap fe 2eme ane nan sant kouti profesyonel bejo,mwen ta renmen kontinye lekol klasik apre mwen finn aprann kouti a.mwen voye di ou mesi anpil pou ed ou

Moroni Charles

mwen rele moroni charles mwen gen 22ans mwen ap fe klas rheto nan kolej CEM,mwen ta renmen vinn yon diplomat entenasyonal,pou mwen ap travay pou`m ka ede lot moun ki nan nesesite menm jan avek ou,mwen remesye ou anpil anpil pou asistans ou,e mwen konnen ou ap beni anpil

Spread the Word

Please let your friends and family know how little it takes to give so much to children in Haiti!